Lang yo
ESOL
Pozisyònman
 

ESOL (ISOL)

Klas Anglè pou Moun ki Pale Lòt Lang yo/Anglè kòm yon Dezyèm Lang (ESOL/ESL) se yon pwogram ki ofri tout moun bonjan mwayen pou ranmase konesans nan lang anglè-a. Atravè yon pwogram ki rive aplike yon valè teknik ki gen rapò ak vi-ya, ansanm ak fonkyònman yon lang e avèk gramè-l, etidyan yo rive apran kouman yo ka sevi ak anglè-a pou yo abouti ak objektif-yo. Yo anplwaye bon konprann-yo pou kominike eksperians yo fè nan klas-yo, kòmsi se yon bagay yap viv chak jou.

Pwogram sa, ki chita sou yon baz konpetans, rive ofri sis nivo angle, nan teknik yon moun dwe apran lang anjeneral, anplis lòt matyè nan sa yo gen bezwen. M-DCPS ki se (Sant pou granmoun ki nan Lekòl Piblik yo nan Kontre Mayami Ded-la) itilize yon moyen kouwè tout lòt lekòl nan Florid-la, pou-l mete etidyan yo nan pwogram isòl-la pandan lap sevi ak yon tès ki byen apwopriye pou-l plase etidyan-yo nan yon klas.

Profesè isòl (ESOL) nan M-DCPS-yo kalifye e yo gen eksperians pendan anpil lane. Mayami Ded Kaonti ofri pwogram sa-a nan plis pase 20 lekòl nan tout Kontre Miyami Ded-la. Plisye nan lekòl-yo rive posede yon seri laboratwa enfomatik ase entèresan pou etidye lang anglè-a, kote etidyan yo kapab, yo chak, amelyore teknik pou yo aprann anglè ak bon pwononsasyon ak vokabilè.

ONLINE CLASSES    |   DADESCHOOLS.NET   |   ADULT/VOCATIONAL CENTERS
Regional Operations, Off-Campus Location, 5780 Northwest 158 Street, Miami Lakes, Florida 33014 : PHONE: 305-558-8000 : Copyright 2005